Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Prezidan Sierra Leone nan Deklare "Pou Byen Limanite, ann Sispann Lagè a"


GRANDE-BRETAGNE-ONU-CLIMAT-COP26
GRANDE-BRETAGNE-ONU-CLIMAT-COP26

Prezidan Sierra Leone Julius Maada Bio eksprime l sou kòman lagè Larisi ap mennen nan Ikrèn nan afekte peyi l nan yon entèvyou li bay AFP.

Li di li gen espwa ke peyi afriken yo ka ede mete fen nan lagè a pi vit ke posib, pou popilasyon pa yo, men tou pou sa yo "ki pi pòv yo nan mond lan, pami yo peyi nou”.

Nan entèvyou sa prezidan an di "Ministè Agrikilti peyi a antre nan yon chanjman politik serye pou nou kapab pwodwi pwòp manje pa nou, jiskaske nou pap bezwen enpòte diri nan peyi sa ankò."

"Nou tout ap soufri nan lagè Ikrèn nan epi, antanke lidè mondyal ki ap travay pou byennèt pèp la, espesyalman moun ki pi pòv pami yo, nou gen yon enterè reyèl pou wè lagè sa a fini pi vit posib pou soufrans la oswa kèlkeswa sa k ap pase a sispann, espesyalman kòm yon peyi ki fè eksperyans lagè deja, men tou akòz efè ke li gen sou nou."

XS
SM
MD
LG