Accessibility links

Breaking News

Larisi jele kont an bank misyon diplomatik Peyi Fenlann


Finland's Foreign Minister Pekka Haavisto speaks during a news conference at the Parliament Building in Helsinki, Finland, Jan. 24, 2023. Lehtikuva/Vesa Moilanen via REUTERS
Finland's Foreign Minister Pekka Haavisto speaks during a news conference at the Parliament Building in Helsinki, Finland, Jan. 24, 2023. Lehtikuva/Vesa Moilanen via REUTERS

HELSINKI (AP) — Minis Afè Etranje Fenlann lan di Larisi jele kont an bank misyon diplomatik Fenlann lan nan Moskou ak Saint Petersburg.

Sa te fòse misyon peyi a sèvi ak lajan kach pou tout peman.

Pekka Haavisto di ke mouvman sa ke Moskou fè nan fen mwa avril la vyole Konvansyon Vyèn sou Relasyon Diplomatik, e Helsinki voye yon nòt diplomatik bay Larisi sou zafè sa a.

Li di ke mezi Moskou a afekte antwòt peman lwaye, elektrisite ak bòdwo dlo ke anbasad la gen pou peye nan Moskou ak nan Konsila Jeneral la nan Saint Petersburg

Sepandan, aksyon an pa afekte peman salè anplwaye yo.

XS
SM
MD
LG