Accessibility links

Breaking News

Prigozhin Di ke Batay Malouk ap Kontinye nan Bakhmut


UKRAINE-CRISIS/BAKHMUT
UKRAINE-CRISIS/BAKHMUT

Fondatè gwoup paramilitè Wagner a Yevgeny Prigozhin deklare ke vil Bakhmut sanble li ka pa tonbe anba men fòs mèsenè l yo nan 2 jou kap vini yo.

Vil Bakhmut fin kraze apre plizyè mwa gwo batay chofe ant fòs Ikrenyen yo ak Ris yo

Prigozhin di nan yon mesaj li afiche sou Telegram. "Nou pako pran Bakhmut toujou. Li pa sanble nou pwal pran Bakhmut demen oswa apre demen."

Larisi ap eseye pran Bakhmut depi sezon ete pase a nan batay malouk depi kòmansman lagè a, men defansè Ikrenyen yo goumen pou yo kenbe fèm.

XS
SM
MD
LG