Accessibility links

Breaking News

G7: Inyon Ewopeyen Anonse li pral 'Limite' Domès Diaman Ris Yo


Japan G7 Summit
Japan G7 Summit

Prezidan Konsèy Ewopeyen an, Charles Michel, anonse nan somè G7 la ki ap fèt nan Iwochima, ke Japon ak Inyon Ewopeyen an pral "limite komès dyaman Ris la" nan kad sanksyon yap pran kont envazyon ris la nan Ikrèn.

Etazini ak alye G7 li yo anonse nouvo sanksyon sa yo vandredi pou kwape kapasite Larisi pou l kontinye ak lagè a nan Ikrèn, kote yo vize komès dyaman Ris la ki rapòte anpil lajan, anvan somè a ouvè nan Iwochima.

Nan vil ki reprezante lapè nan Japon an, lidè yo dwe antann yo pou yo pi sevè kont Larisi epi jwenn yon liy kote yo rankontre fas ak pouvwa militè ak ekonomik Lachin ki ap grandi.

Sou kesyon Moskou a, G7 ta bat pou deranje sikilasyon materyèl militè ki pwal nan peyi a, bouche twou vid ki pèmèt Ris yo evite sanksyon yo, depann mwens de enèji Larisi epi pran angajman pou jele byen Moskou jouk yo jwenn yon fen nan lagè a, se pawòl yon gwo otorite nan gouvènman ameriken Joe Biden nan.

XS
SM
MD
LG