Accessibility links

Breaking News
Azi

Biden Rankontre Ak Tokay Li Kishida nan Japon


Japan G7 Summit
Japan G7 Summit

Prezidan Etazini Joe Biden di tokay Japonè li Fumio Kishida Jedi 18 me a ke Etazini ak Japon pral "konsidere Larisi kòm responsab" pou envazyon li nan Ikrèn.

Biden di Kishida nan yon reyinyon anvan somè G7 la nan Iwochima, "Nou defann prensip nou pataje yo, tankou sipòte pèp Ikrèn nan pandan li ap defann teritwa li, epi fè Larisi pote responsablite pou agresyon nan Ikrèn, ki te tanmen nan mwa Fevriye ane pase.

Somè G7 la ap tanmen Vandredi pou rive Dimanch (19-21 Me), kote lidè peyi manm yo espere diskite sou sanksyon

pi sevè kont Larisi, epi pale tou sou enkyetid pou kesyon sekirite parapò ak Lachin.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG