Accessibility links

Breaking News

Nouvo Done Montre Varyan Omikronn nan Pwopaje Pi Vit Pase Sa Espesyalis Yo te Kwè


Moun nan yon stasyon transpo piblik nan vil Berlin nen peyi Almay mete mask pou pwoteje tet yo kont kowonaviris la, 30 Nov. 2021.
Moun nan yon stasyon transpo piblik nan vil Berlin nen peyi Almay mete mask pou pwoteje tet yo kont kowonaviris la, 30 Nov. 2021.

Enfòmasyon tou nèf ki parèt sou nouvo varyan KOVID-19 la, omikronn, montre klèman menas li poze yo te gen tan afekte plizyè peyi anvan espesyalis yo te menm o kouran egzistans li.

2 peyi, ki lwen ak Afrik di Sid, te anonse dekouvèt premye ka varyan sa a lakay li, e yon twazyèm te rapòte prezans li anvan responsab Afrik di Sid yo te bay mond la avètisman sou devlopman sa a.

Enstiti Sante La Oland la deklare madi li jwenn varyan omicron an nan echantiyon ki la depi nan dat 19 ak 23 novanm.

Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS) fè konnen Afrik di Sid te rapòte premye ka varyan an 24 Novanm.

Pandansetan, Japon ak La Frans anrejistre premye ka nouvo varyan an lakay yo e sa fòse peyi toupatou nan mond lan anvizaje nouvo dispozisyon, nan moman kote yo te gen espwa pandemi a te prèske fini e lavi te ka retounen nan eta nòmal li. Kounyea yo pè pou danje pandemi a poze pa vin pi grav toujou nan lavni.

XS
SM
MD
LG