Accessibility links

Breaking News

Varyan Omicron: Yon Premye Ka Konfime ann Espay


CORONAVIRUS-ESPAÑA-HOSPITAL
CORONAVIRUS-ESPAÑA-HOSPITAL

Nan lopital Madrid nan peyi Espay otorite lasante yo te detekte varyan Omicron an.

"Depatman mikrobyoloji nan Lopital Gregorio Marañon nan Madrid konfime Variant Omicron nan peyi Espay," yon mesaj ki pibliye sou Twitter deklare. Tweet la spesifye ke " otorite yo fè konnen se yon vwayajè ki soti nan peyi Lafrik di Sid ki pote li.

Nan yon deklarasyon, ofisyèl sante yo nan rejyon Madrid di yon nonm ki gen 51 an ki te soti nan peyi Lafrik di Sid Dimanch te gen sentòm kowonaviris ki modere.

Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) deklare ke nouvo varyan Omicron an prezante "yon risk trè wo" nan nivo mondyal.

Lis peyi kote yo detekte varyan Omicron an kontinye ap grandi, espesyalman an Ewòp, apre premye ka yo te detekte nan peyi Afrik ostral yo. Sa te pouse anpil peyi sispann vwayaj nan rejyon sa epi entwodui restriksyon prevantif.

Gouvènman Espay la gen pou l deside madi, pandan yon reyinyon kabinè, si yap sispann vòl ki soti nan peyi Afrik ostral yo.

Pandan y ap tann adopsyon fòmèl mezi sa a, pasaje ki soti nan peyi nan rejyon sa a, tankou Lafrik di Sid, Zimbabwe, Namibi oswa Mozanbik, dwe obsève yon karantèn 10 jou.

XS
SM
MD
LG