Accessibility links

Breaking News

Etazini Enpoze Restriksyon Vwayaj Kont 8 Peyi Afriken Akoz Varyan Omicron an


Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo anvan li antre nan yon libreri nan Nantucket, 26 Nov. 2021.
Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo anvan li antre nan yon libreri nan Nantucket, 26 Nov. 2021.

Etazini pral anpeche pi fò touris kap soti nan 8 peyi Afriken antre lakay li apati Lendi, 29 Novanm. Gouvenmen Ameriken an pran desizyon sa a akoz yon nouvo varyan kowonaviris la ki pi kontaje, ke yo idantifye ann Afrik di Sid, Prezidan Joe Biden fè konnen Vandredi.

Nouvo varyan sa a, ke yo deside rele Omicron, poze yon nouvo defi pou Biden, nan moman kote li gen siksè limite nan jefò li fè pou pran tèt Ameriken yo pou yo vaksinen kont COVID-19. Gen 10 eta ameriken ki sèmante pou yo pap kite prezidan an egzije yo vaksinen. Biden ap fè fas ak anpil kritik tou bò kote ekspè la sante entenasyonal yo ak lidè divès peyi paske li pa pran angajman pou voye vaksen COVID bay peyi sou devlope yo.

Restriksyon vwayaj yo pa entèdi vòl avyon e yo pap afekte sitwayen Ameriken ak moun ki gen rezidans Ozetazuni.

Etazini pa idantifye okenn ka varyan Omicron an lakay li jiskaprezan, dapre sante Kontwòl ak Prevansyon Maladi a, CDC. Ajans la di li atann ni aske yap kapab idantifye varyan B.1.1.529 la rapidman si li vinn parèt nan peyi a.

Plizye peyi toupatou nan mond lan kouri vit sispann vwayaj ant peyi yo ak Afrik di Sid apre Oganizasyon Mondyal la Sante a (OMS) te di li gen kè sote pou Omicron. Entediksyon sa yo pral antre ann aplikasyon san pèdi tan, konparativman ak mezi Biden yo.

Peyi ki afekte pa nouvo restriksyon yo se:

  • Afrik di Sid
  • Bostwana
  • Zimbabwe
  • Namibi
  • Lesotho
  • Eswatini
  • Mozanbik
  • Malawi

Pi fò moun ki pa sitwayen Ameriken ki vwayaje nan peyi sa yo pandan 14 jou ki sot pase yo pap kapab antre Ozetazini.

Biden fè anons la nan zile Nantucket, ki sitye tou pre kòt eta Massachusetts, kote lap pase wikèn fèt Thanksgiving nan ak fanmi ni.

XS
SM
MD
LG