Accessibility links

Breaking News

Yo Detekte Yon Nouvo Varyan COVID-19 nan Lafrik di Sid


Un agent de la santé assiste un patient traité dans un hôpital de fortune géré par une organisation caritative à Johannesburg, en Afrique du Sud, le 11 juillet 2021.
Un agent de la santé assiste un patient traité dans un hôpital de fortune géré par une organisation caritative à Johannesburg, en Afrique du Sud, le 11 juillet 2021.

Varyan B.1.1.529 la montre yon kantite mitasyon ki wo anpil.

Yon nouvo varyan COVID-19 ke yo detekte nan peyi Lafrik di Sid, genden yon kantite mitasyon ki "wo anpil" e ki ka menase efikasite vaksen ki egziste deja yo, dapre sa savan yo anonse.

Nan yon konferans pou laprès li bay sou entènèt, virològ Tulio de Oliveira te di "Malerezman, nou te detekte yon nouvo varyan ki se yon enkyetid nan Lafrik di Sid."

Varyan B.1.1.529 la gen yon kantite mitasyon "ki wo anpil", dapre savan Sid Afriken yo.

Nan etap sa a, savan yo pa si e sèten sou efikasite vaksen anti-COVID yo kont nouvo fòm viris sa.

Seuls 300 agents de l'État camerounais ont accepté de se faire vacciner
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:03 0:00

Nan konferans pou laprès Minis Sante Afrik di Sid la Joe Phaahla, te di ke aparans varyan sa se san dout orijin ogmantasyon "eksponansyèl" nan kontaminasyon nan semèn ki sot pase yo.

Lafrik di Sid, gen krentif pou yon nouvo vag pandemi a nan fen ane 2021 an. Yo se peyi ki pi afekte sou kontinan Afriken an, swa plis pase 2.9 milyon ka ak plis pase 89,600 lanmò.

XS
SM
MD
LG