Accessibility links

Breaking News

OMS Rele Nouvo Varyan COVID la: Omicron


Le Directeur général de l'OMS, Dr Tedros Adhanom Ghebreyesus, s'exprime lors de l'ouverture de l'Académie de l'Organisation mondiale de la santé à Lyon, en France, le 27 septembre 2021.
Le Directeur général de l'OMS, Dr Tedros Adhanom Ghebreyesus, s'exprime lors de l'ouverture de l'Académie de l'Organisation mondiale de la santé à Lyon, en France, le 27 septembre 2021.

Oganizasyon Mondyal la Sante pa rekòmande pou peyi yo pa entèdi vòl ki soti nan peyi Sid Afrik yo.

Vandredi 26 Novanm, Òganizasyon Mondyal la Sante (OMS) te bay nouvo varyan kowonaviris la non Omicron. Yo detekte varyan sa a nan Afrik di Sid.

Dapre OMS, varyan sa ka gaye pi vit pase lòt yo.

Apre yon reyinyon nan Nasyonzini, ekspè endepandan te egzamine done yo genyen, e yo te soti yon nòt: "Varyan sa gen yon gwo kantite mitasyon, se kèk nan enkyetid ke nou genyen. Done preliminè yo sijere yon risk pou re-enfeksyon ak varyan sa, konpare ak lòt varyan avan yo."

Omicron se senkyèm varyan pandemi kowonaviris la.

Fèmti fwontyè

Anpil peyi te reyaji ak enkyetid yo genyen sou nouvo varyan an. Inyon Ewopeyèn, Grann Bretay ak Japon te ranforse kontwòl yo sou fwontyè yo, ak kèk peyi, yo menm entèdi vòl ki soti nan peyi Sid Afrik yo.

On mezi ki kontrè ak rekòmandasyon OMS la.

Nouveau variant covid: ce qu'il faut savoir
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:11 0:00


XS
SM
MD
LG