Accessibility links

Breaking News

La Oland, Ostrali Detekte Varyan Omicron an Lakay yo


Vwayaje ap mache ak malet yo nan ayewopo Ben Guirion tou pre Tel Aviv, peyi Israel, 28 Nov. 2021.
Vwayaje ap mache ak malet yo nan ayewopo Ben Guirion tou pre Tel Aviv, peyi Israel, 28 Nov. 2021.

La Oland konfime 13 ka nouvo varyan COVID-19 ki rele Omicron an lakay li. Ostrali limenm jwenn 2 ka varyan an. Peyi sa yo ki lwen youn ak lòt, se dènye nan yon seri nasyon ki detekte varyan Omicron an pami moun ki te vwayaje ann Afrik Ostral k ap tounen lakay yo.

Israel deside Dimanch pou li entèdi etranje ki soti Mawòk antre lakay li, e li fè konnen li pral entèdi tout vòl ayeryen entènasyonal kap antre lakay li pandan 2 semèn apati Lendi 29 Novanm.

Desizyon Israel la se youn nan desizyon pi sevè ki pran kont vwayaj entènasyonal, nan moman kote peyi yo ap kouri pou anpeche varyan sa a pwopaje lakay yo.

Se chèchè nan peyi Afrik di Sid kite idantifye premye ka konfime oswa sispèk nouvo varyan Omicron an sa gen 2 jou desa.

XS
SM
MD
LG