Accessibility links

Breaking News

Biden Di Pèp Ameriken an: "Nouvo Varyan COVID-19 la Bay Kè Sote, Men Piga Nou Panike."


Prezidan Joe Biden pale de nouvo varyan KOVID-19 la, ki rele Omicron, nan Lamezon Blanch nan jounen lendi 29 novanm 2021.
Prezidan Joe Biden pale de nouvo varyan KOVID-19 la, ki rele Omicron, nan Lamezon Blanch nan jounen lendi 29 novanm 2021.

Prezidan Joe Biden lanse apèl bay Ameriken yo pou yo vaksinen kont KOVID-19 epi apre sa pou yo pran "yon vaksen booster" (swa yon vaksen siplemantè) nan moman l ap eseye jere kè sote popilasyon an genyen akoz espesyalis lasante yo dekouvri yon nouvo varyan kowonaviris ke yo rele Omicron.


Sepandan, Prezidan Biden, ki t ap pale nan La Mezon Blanch lendi 29 novanm nan, deklare li pa pral pase lòd pou gouvènman an enpoze nouvo restriksyon sou fonksyonnman biznis yo sou tèritwa nasyonal la.

Nouvo varyan sa a se "yon rezon pou n gen kè sote; men se pa yon rezon pou n panike." Se deklarasyon prezidan an fè nan yon diskou televize li pwononse nan La Mezon Blanch.

Misye Biden te gen avè l Doktè Anthony Fauci, pi gwo ekspè ameriken nan domèn maladi kontajye a. Nan menm jounen lendi a, Dr. Fauci deklare Etazini poko anjistre okenn ka varyan Omicron an; men, dapre li, li "innevitab" pou varyan sa a rive nan peyi a nan youn nan jou sa yo.

XS
SM
MD
LG