Accessibility links

Breaking News

Etazini Ap Fè Preparasyon Pou Varyan Omicron an


Yon piki devan yon drapo Ameriken ak pawol Omicron SARS-CoV-2.
Yon piki devan yon drapo Ameriken ak pawol Omicron SARS-CoV-2.

Otorite la sante Etazini yo fè konnen yap fè preparasyon pou aparans evantyèl nouvo varyan Omicron COVID-19 la sou teritwa nasyonal la. Restriksyon sou vayajè ki soti nan 8 peyi ann Afrik Ostral ap antre ann aplikasyon Lendi 19 Novanm nan.

"Li inevitab, lap rive isit," Doktè Anthony Fauci, ekspè sou maladi enfektyez pi wo plase Ameriken an di chèn televizyon ABC jodia. Sepandan Etazini poko detekte okenn ka varyan an lakay li, dapre Fauci.

Yo te detekte varyan Omicron pou premye fwa ann Afrik di Sid semèn pase a. Kounyea yo gen ka varyan an ki anrejistre tou nan peyi Ostrali, Beljik, Botswana, Angletè, Danmark, Almay, Hong Kong, Israel, Itali ak La Oland.

Prezidan Joe Biden ap tounen Washington jodi Dimanch la apre li sot pase fèt Thanksgiving nan ak fanmi ni. Li pral rankontre ak ekip responsab Lamezonblanch yo k ap travay sou reponn Etazini fas ak pandemi a pi ta jodia, dapre yon responsab.

XS
SM
MD
LG