Accessibility links

Breaking News

Maryaj Kourtney Kardashian ak Travis Barker ap Dewoule ann Itali


Foto Achiv: Kourney Kardashian, a goch, ak Travis Barker pandan seremoni remiz pri Grammy yo nan Las Vegas 3 Avril 2022.
Foto Achiv: Kourney Kardashian, a goch, ak Travis Barker pandan seremoni remiz pri Grammy yo nan Las Vegas 3 Avril 2022.

Maryaj vedèt Kourtney Kardashian ak Travis Barker pral dewoule ann Itali. Dapre nouvèl yo, Kourtney ak tanbourinè gwoup Blink 182 a rive Portofino kote yo pral pase wikèn nan.

Koup la ak tout fanmi la marye a, ki se vedèt pwogram televizyon reyalite t'al dine vandredi swa. Yo te abiye ak rad modis popilè italyen Dolce & Gabbana e moun te pran pote yo ap bo sou yon bato.

Koup la te pran lari Portofino anko Samdi pou y'al dejene.

Maryaj ofisyèl la ap fèt apre yon "seremoni maryaj esè" koup la te genyen mwa pase a nan Las Vegas, kote yon nèg ki te degize tankou Elvis Presley te prezide seremoni maryaj la. Apre sa, 15 Me nan vil Santa Barbara, eta Kalifoni, yo te marye ofisyèlman.

Portofino se youn nan vil vakans prefere boujwa ki soti toupatou nan mond lan. Li se yon vilaj ki sitye sou kot Liguriano peyi Itali kote ki gen anpil pechè.

XS
SM
MD
LG