Accessibility links

Breaking News

Kourtney Kardashian, Travis Baker Pa Marye Legalman


Foto Achiv: Kourney Kardashian, a goch, ak Travis Barker pandan seremoni remiz pri Grammy yo nan Las Vegas 3 Avril 2022.
Foto Achiv: Kourney Kardashian, a goch, ak Travis Barker pandan seremoni remiz pri Grammy yo nan Las Vegas 3 Avril 2022.

Kourtney Kardashian pa marye legalman ak atis Travis Barker nan Las Vegas.

Moun moun ki degize tankou Elvis te prezide fo seremoni maryaj la ki soulve anpil pale anpil Ozetazini.

TMZ te premye pou rapòte Madi ke mesye dam yo te marye kèk hè'd tan selman apre yo te asiste seremoni remiz pri Grammy yo, kote Barker te pèfòme Dimanch swa.

Sepandan jounal Page Six te swiv ak yon repòtaj kote li di pa gen okenn lisans maryaj ki pote non yo.

Kardashian konfime ke vreman vre li pa aplike pou yon lisans pou marye ak menaj li Travis nan yon mesaj li mete Mekredi sou kont ofisyèl Instagram li a. Kourtney di "plis ou pratike se plis ou pèfeksyone."

Barker te mande Kourney marye avè'l nan mwad Oktòb la sou yon plaj nan Montecito, Kalifòni.

Kourtney Kardashian se gran sè Kim Kardashian, yon aktris, modis epi ex-madanm ak manman pitit rapè Kanye West.

XS
SM
MD
LG