Accessibility links

Breaking News

Kè Kase Sèvi Kòm Enspirasyon pou Nouvo Tib Atis Kanadyen Shawn Mendes


Foto Achiv: Shawn Mendes rive nan seremoni remiz pri Mizik Ameriken yo nan Los Angeles, 24 Nov. 2019.
Foto Achiv: Shawn Mendes rive nan seremoni remiz pri Mizik Ameriken yo nan Los Angeles, 24 Nov. 2019.

Atis pop Kanadyen Shawn Mendes pare pou'l tanmen yon kokenn chen seri konsè entènasyonal e li fèk pibliye yon hit ki enspire pa relasyon ni ak chantez Camila Cabello. Mesye-dam yo kase pi bonè nan ane a.

Mendes di "When You're Gone" gen pou wè ak kijan li te fè fas ak fen relasyon sa a.

"Li rakonte kijan mwen te fè fas ak fen relasyon an, kijan'm eseye konprann pèdi yon moun ki te mond mwen. Mwen eseye pale franchman paske mwen kwè se sèl fason ou ka konekte ak moun se si ou onèt ak tèt ou," Mendes deklare.

Atis la kite menaj li pandan pandemi a donk li di li te gen tan pou reflechi.

" Mwen pase pa yon faz libète epi apre sa yon faz krent epi mwen retounen nan libète anko. Sete yon gwo leson poukont pa li ke si'm pè anyen pap mache," li esplike.

Sepandan sa pa vle di lè Shawn ap chante "When You're Gone" nan konsè li se yon bagay ki fasil.

"Mwen ta renmen di mwen ka kontwole sa men pa fwa emosyon anvayi'w e ou gade tèt ou, mwen pa kwè pèson ka kontwole bagay konsa," Mendes di.

Mendes gen 23 zan kounyea e lap evolye antanke atis.

"Lè ou grandi ou santi'w tankou si ou vle kraze baryè. Ou vle petèt fè bagay ou poko janm fè. Mwen kwè se yon siy matirite," atis la deklare.

Mendes pral reprann seri konse li yo nan komansman sezon ete a. Se vire won li te ranvwaye akoz pandemi a.

"Fwa sa a bagay yo te difisil akoz COVID e nou te oblije mete dènye pati vire won an nan komansman. Donk mwen tap eseye travay ak sa, konsidere kijan mond lan ye kounyea. Men lap dire lontan e mwen kwè nou gen plis pase 100 spektak toupatou nan mond lan. Map mouri pou'm komanse," Mendes deklare.

Vire won Shawn Mendes la rele "Wonder: The World Tour" e lap tanmen 27 Jyen nan vil Portland, eta Oregon. Li va pase nan vil Brooklyn, Los Angeles ak Miami tou epi Newark, New Jèrze 26 Out se va dènye konsè nan etap Amerik di No vire won li a.

Tub "When You're Gone" nan deja disponib sou mache a.

XS
SM
MD
LG