Accessibility links

Breaking News

Oscar yo Sispann Will Smith pou 10 Zan


Will Smith
Will Smith

Akademi Sinema a ki oganize seremoni pri Oscar yo deside vandredi entèdi Will Smith patisipe nan nenpòt seremoni oswa evènman li pral òganize pandan 10 pwochen ane yo, kòm pinisyon pou kalòt li te bay komedyen Chris Rock lan.

"Misye Smith p ap gen pèmisyon pou patisipe nan okenn evènman Akademi an oswa pwogram, an pèsòn," se sa konsèy manm Oscar la te ekri nan yon deklarasyon.

Vandredi maten, Akademi an te aksepte demisyon Will Smith, ke li te soumèt semèn pase a, men li pa t retire li nan lis meyè aktè li apre Oscar li te resevwa mwa pase a pou pefomans li nan 'The Williams Method'.

XS
SM
MD
LG