Accessibility links

Breaking News

Kylie Jenner Anonse Nesans 2em Pitit li ak Rapè Travis Scott


Foto Achiv, rape Travis Scott, a goch ak Kylie Jenner, a dwat nan yon sware charite lekol Parson la nan Nouyok, 15 Jyen 2021.
Foto Achiv, rape Travis Scott, a goch ak Kylie Jenner, a dwat nan yon sware charite lekol Parson la nan Nouyok, 15 Jyen 2021.

Kylie Jenner anonse nesans dezyèm pitit li pou rapè Travis Scott nan yon mesaj li pibliye Dimanch 6 Fevriye sou rezo sosyal yo. Li mete yon kè ble ki endike pitit la se yon gason.

Aktris, manken e pwopriyetè konpayi pwodui bote a, ki gen 24 an, pa bay non pitit la.

Dapre mesaj la ti bebe a pran nesans Mèkredi, 2/2/22, e sou Instragram, Kylie mete yon foto nwa e blan ti bebe a kap kenbe men gran sè li, Stormi, ki fèk gen 4 an premye fevriye.

Jenner pibliye tou foto bouke flè ke rapè Scott, ki gen 30 an, epi manm fanmi ni tankou sè li, Kim Kardashian-West voye ba li pou felisite'l.

XS
SM
MD
LG