Accessibility links

Breaking News

Kris Jenner di Blac Chyna Eseye Touye Pitit Gason li an 2016


Foto Achiv: Pesonaj televizyon Kris Jenner a goch, Kylie Jenner epi Kloe Kardashian nan Los Angeles, 24 Me 2015.
Foto Achiv: Pesonaj televizyon Kris Jenner a goch, Kylie Jenner epi Kloe Kardashian nan Los Angeles, 24 Me 2015.

Kris Jenner (manman Kim Kardashian) te chaje ak emosyon Vandredi lè li tap rakonte istwa yon kont ki te pete an 2016 ant pitit gason ni, Rob Kardashian ak menaj li nan epok la Blac Chyna - yon kont ki te twomatize misye.

Jenner temwaye nan yon tribinal nan Los Angeles Vandredi ke li kwè Chyna te eseye touye pitit gason li.

Li di nan epok la, li te aprann ke Chyna te pwente yon fizi nan tèt pitit ason li, epi eseye trangle li ak kod yon telefon. Apre sa li te bat misye ak yon poto metal pandan li te sou.

Madan Jenner temwaye pandan 2 jou nan pwosè Chyna ap mennen kont manm fanmi Kardashian nan pou $100 milyon. Li akize fanmi an dèske yo te konplote pou anile pwogram televizyon li an "Rob & Chyna".

XS
SM
MD
LG