Accessibility links

Breaking News

Instagram Sispann Kanye West pou 24 hè Akoz li Vyole Politik Rezo Sosyal la


Foto Achiv: Kanye West rive nan fet Vanity Fair la pou seremoni remiz pri Oscar yon nan Beverly Hills, eta Kalifoni.
Foto Achiv: Kanye West rive nan fet Vanity Fair la pou seremoni remiz pri Oscar yon nan Beverly Hills, eta Kalifoni.

Kanye West bloke sou rezo sosyal Instagram pou 24 hè apre rapè Ameriken an te vyole politik platòfm nan konsènan arsèlman, dapre yon pòt pawòl Meta Platforms Inc. FB.O, ki se pwopriyetè Instagram.

Platfòm nan efase kontni rapè a, ki gen 44 an, pibliye sou kont ofisyèl li ki te vyole politik "pawòl rayisman ak kraponaj" Instagram mete an plas, pòt pawòl Joe Osborne di Reuters nan yon deklarasyon li voye ba li pa email.

West, ki chanje non li legalman a "Ye", paka ni pibliye, ni fè komantè, ni voye mesaj dirèk sou Instagram pou 24 hè Osborne di. Li ajoute rezo a taka pran lòt mezi ankò kont misye si li kontinye vyole politik yo apre yo remèt ba li kontwòl kont la.

Reprezantan West yo pat reponn demann Reuters fè pou komantè sou koze sa a.

Yon rapò magazin Variety pibliye di West te joure Trevor Noah, ki anime pwogram televizyon "The Daily Show" a, kote li te itilize pawòl rasis nan yon mesaj li mete sou Instragam Jounal la di rapè te te pran jouri konsa apre Noah te diskite kont ki pete ant West, ex-madanm rapè a Kim Kardashian, ak menaj mamzel, Pete Davidson, yon komedyen ki jwe nan pwogram televizyon "Saturday Night Live".

Apre sa, mesaj la te efase dapre Variety.

Meta refize bay okenn detay sou mesaj ki vyole politik li.

Sepandan, mesaj West pibliye kote li kritike aktè D.L. Hughley ak Dave Sirius youn nan ekriven Saturday Night Live yo, toujou anba pwofil li.

Kardashian bò kote pa li se yon fanm d'afè e vedèt seri televize "Keeping Up with the Kardashians". Li te mande rapè a divòs ane pase a, apre li te site yon mezantant ki pa gen solisyon ant limenm ak West. Koup la gen 4 pitit ansanm ki gen ant 2 zan ak 8 an.

Apre divòs la, West te kritike relasyon ant Kardashian ak Davidson sou rezo sosyal yo te li te lanse apèl bay mamzèl piblikman pou l retounen avè l.

Yon jij nan Los Angeles mwa sa a akode demann Kardashian fè pou li deklare l selibatè ofisyèlman, apre prèske 8 an maryaj ak rapè a.

XS
SM
MD
LG