Accessibility links

Breaking News

Ostrali Lanse Yon Pinga Bay Rapè Kanye West


Ostrali Lanse yon Pinga Bay Rapè Kanye West
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:11 0:00

Ostrali Lanse yon Pinga Bay Rapè Kanye West

Premye Minis Ostrali a, Scott Morrison deklare atis hip hop Kanye West ap oblije vaksinen konplètman kont COVID-19 si'l vle bay konsè ann Ostrali. Misye tap fè komantè sou bwi kap kouri nan laprès lokal pou di rapè a gen entansyon vini nan mwad Mas la.

Morrison lanse yon pinga bay Kanye 2 semèn sèlman apre vedèt tenis Novak Djokovic te oblije mare pakèt li kite Ostrali, apre yon tribinal te apiye desizyon gouvènman an te pran pou'l anile viza li akoz li pat vaksinen kont kowonaviris la.

Pèsonn pa konnen stati vaksinasyon Kanye West, ki te yon kandida a la prezidans Ozetazini an 2020.

An 2021, li te bay yon entèvyou sou rezo sosyal yo kote'l te di li te resevwa yon piki, men nan yon entèvyou ak magazinn Forbes an 2020 li te dekri vaksinasyon an tankou "mak bèt la."

Reprezantan West yo pat disponib pou reyaji sou nouvèl la.

"Reg yo mande pou'w konpletman vaksinen. Se reg yo. Yo aplike pou tout moun jan yo konstate sa. Kelkeswa kiyes ou ye se reg ou dwe respekte," Morisson deklare.

Ostali se youn nan peyi kote pi fo sitwayen yo vaksinen kont COVID e lap fè fas ak yon vag enfeksyon depi Desanm akoz an pati varyan omicron an ke moun ka trape fasil.

XS
SM
MD
LG