Accessibility links

Breaking News

Rapè Kanye West Peye $1 Milyon Dedomajman Apre Moun Asiyen'l Paske Livrezon Pwodui Yeezy yo Pran Twop Tan


Foto Achiv: Kanye West rive nan fet Vanity Fair la pou seremoni remiz pri Oscar yon nan Beverly Hills, eta Kalifoni.
Foto Achiv: Kanye West rive nan fet Vanity Fair la pou seremoni remiz pri Oscar yon nan Beverly Hills, eta Kalifoni.

Rapè ak modis Ye (Kanye West), dako pou'l peye $950,000 dedomajman pou rezoud yon pwosè kliyan mennen kont li paske livrezon komand Yeezy li yo pran twop tan pou yo rive.

Avoka ki reprezante 4 awondisman nan eta Kalifoni te mennen pwosè a kont konpayi rapè a mwa pase a. Yo akize Yeezy dèske li vyole lwa eta a paske li pa ranpli komann moun fè an liy pou pwodui li yo nan 30 jou.

Mwa pase a yon jij te apwouve demann atis la - ke moun te konnen sou non Kanye West - men ki chanje non li legalman a Ye kounyea. Se misye ki desinen epi vann soulye tenis fanatik tout kote prese achte kou pate cho, epitou yon seri rad ke li vann anba etikèt Yeezy a. Yon kourye elektwonik Associate Press voye bay Yeezy pou'l fè komantè sou nouvèl sa a pat jwenn okenn repons.

XS
SM
MD
LG