Accessibility links

Breaking News

Lidè Pati Kominis la nan Kore di Nò, Kim Jong il, Mouri


Kim Jong iI
Kim Jong iI

Lidè Kore di Nò pandan lontan an, Kim Jong il mouri. Ajans nouvèl santral ofisyèl Kore di Nò a rapòte jodi lidè a ki te gen 69 van mouri samdi aprè yon kriz kadyak pandan li t ap vwayaje nan yon tren.

Ajans la atribye lanmò sa a a yon simenaj travay mantal e fizik. Ajans nouvèl la fè konnen antèman Kim Jong il ap chante nan Pyongyang nan dat 28 desanm k ap vini an. Otorite yo deklare yon peryòd dèy nasyonal soti nan dat 17 desanm pou rive 29 desanm k ap vini an.

Kim Jong il te monte sou pouvwa a nan Kore di Nò apre papa li fondatè rejim Kore di Nò a, Kim il Sung te pèdi lavi li nan ane 1994. Yo ka petèt sonje Kim Jong il pou jan li te defye kominote entènasyonal la e li te akselere pwogram nikleyè Kore di Nò a alòske plizyè milyon sitwayen Nò koreyen t ap mouri anba grangou.

Nan fen ane pase, Msye Kim te monte pi jèn pitit gason ni an, Kim Jong Un nan ran jeneral a 4 etwal nan sa ki te sanble a yon demach pou pwolonje sèl fanmi dinasti kominis nan le mond la, a yon 3èm jenerasyon.

XS
SM
MD
LG