Accessibility links

Breaking News

Kore di Sid: Pap Gen Oken Chanjman nan Politik Peyi a


Kore di Sid: Pap Gen Oken Chanjman nan Politik Peyi a
Kore di Sid: Pap Gen Oken Chanjman nan Politik Peyi a

Kore di Nò avèti rival li Kore di Sid ak rès mond la ke pap genyen okenn chanjman nan politik peyi a anba rejim nouvo lidè peyi a, Kim Jong Un. Depi lanmò Kim Jong il la nan dat 17 desanm dènye a , pa gen okenn siy ki montre pral geyen yon chanman anba lidèchip pitit gason l lan, Kim Jong Un ki gen 28 tan . Nan konferans pou laprès, pòtpawòl Ministè sid koreyen pou Inifikasyon, Choi-Boh-seon , eksprime espwa ke lanmò lidè nò koreyen an kapab reprezante yon opòtinite pou amelyore relasyon ant 2 peyi a.

Mesye Choi-Boh-seon di: "Kòm lidè nò koreyen an mouri posibilite pou gen yon chanjman nan sitiasyon Penensul Koreyèn nan ogmante. Prensipal atansyon Ministè Inifikasyon Sid koreyen nan pral santre ane k ap vini la a se wè si ta genyen chanjman nan sitiyasyon an, fè fas ak chanjman ki mande fleksibilite ak rapidite e avèk pwogram sou politik nou yo."

Sepandan Komisyon nasyonal Defans Kore di Nò a pibliye yon deklarasyon ki soti nan ajans nouvèl peyi a KCNA ak nan televizyon leta a kote l di Kore di Sid ak ak lòt nasyon nan lemond yo pa dwe espere okenn chanjman.

Deklarasyon an kontinye pou l di : "Nou deklare solanèlman e avèk konfyans, politisyen ensanse atravè lemond pami yo maryonèt sid koreyen pa dwe atann pou nou fè okenn chanjman ."

Kominike sa a presize tou Kore di Nò ini dèyè gran lidè a Kim Jong Un apre lanmò papa l Kim Jong il sa pa gen lontan an.

XS
SM
MD
LG