Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò: Pitit Kim Jon il Rann Li Omaj

Televizyon leta nan Kore di Nò montre imaj kote siksesè e pi jèn pitit gason defen lidè nò koreyen Kim Jong il k ap dirije lòt responsab gouvènmantal, nan moman y ap rann youn apre lòt yon dènye omaj bay papa l ki kouche nan yon sèkèy an vit.

Yo ekspoze kadav defen lidè Kore di Nò Kim Jong iL nan nan mozole prezidansyèl la, kote moun ap defile pa bann e pa pakèt pou wè li yon dènye fwa. Kim Jong iL kouche nan yon sèkèy an vit ki ansèke ak bouke flè nan pale Kumsusan Pyongyang nan.

Se menm jan an yo te fè ak kadav papa defen prezidan, an palan de Kim iL Sung, lè li te desede an 1994.

Sitwayen nò koreyen k ap kriye 2 ran dlo nan zye, òganize yon manifestasyon nan Pyongyang kote yo pote bouke flè e resite priyè tou pre yon gwo stati Kim Jong il nan kapital Kore di Nò a.

Moun sa a, ki se manajè yon konpayi tekstil, di: "jeneral nou an pat dwe mouri konsa. Li pral rete nan kè nou pou tout tan gentan. Chè jeneral nou pral lage kò nou nan men kan-marad nou respekte a, Kim Jong Un, e nou pran angajman devan ou la a pou n fè egzakteman sa."

Ajans nouvèl leta Kore Dinò a, Central News, di defen lidè, ki te genyen 69 van, desede anba yon atak kadyak samdi pase pandan li t ap vwayaje nan yon tren. Yo pral chante funeray li nan dat 28 desanm k ap vinn la a.

XS
SM
MD
LG