Accessibility links

Breaking News

Kore Di Nò: Kim Jong Un Tounen Nouvo Chèf Pati ki sou Pouvwa a


Kim Jong Un (foto achiv)
Kim Jong Un (foto achiv)

Nan Kore di Nò, nan yon seremoni ki dewoule nan kapital la, Pyongyang, Kim Jong Un jwenn nominasyon n kòm nouvo lidè pati ki sou pouvwa a ak chèf siprèm lame a, nen fen sèvis finèb ki fèt nan okazyon antèman papa li, Kim Jong iL. Nan seremoni sa a, prensipal oratè a, Kim Yong Nam, pale ak foul la pou l di Kim Jong Un eritye ideyoloji ak karaktè papa li, menm jan li eritye kòz revolisyonè defen lidè a t ap defann nan.

Kim Yong Nam deklare :

“Gran kamarad nou Kim Jing Un rive rezoud afè siksesyon pouvwa a an tout pèfeksyon. E se yon gwo kokenn reyalisyon pou avni ak destine peyi nou an; menm jan se yon gwo siksè pou pwosperite san limit jenerasyon k ap vini yo.”

Tout pèp nò-koreyen an obsève jedi 29 desanm 2011 la (2èm e dènye jou seremoni antèman an) 3 minit silans a midi, lè lokal, lè kote sèvis finèb la t ap pran fen. Televizyon Leta a montre yon bann sitwayen nò-koreyen ki kanpe dwat, san mouvman, tèt bese, pandan tren, machinn ak bato t ap sonnen klaksonn yo. Mèkredi 28 desanm nan, plizyè dizèn milye moun ki t ap kriye, te defile nan lari vil Pyongyang pou yo rann Kim Jong iL yon dènye omaj.

XS
SM
MD
LG