Accessibility links

Breaking News

Lemond Reyaji Apre Lanmò Kim Jong il


Kim Jong iI
Kim Jong iI

Nouvèl lanmò lidè Nò koreyen an, Kim Jong il pwovoke reyaksyon atravè le mond. Prezidan Etazini an, Barack Obama, ak sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, te pran nouvèl lanmò a nan Washington.

Nan yon deklarasyon La mezon blanch fè parèt, li di li an kontak sere avèk alye li yo nan Kore di Sid avèk Japon. Li di msye Obama te pale avèk prezidan Kore di Sid la, Lee Myung Bak e li reyafime angajman Washington pou stabilite sou preskil Koreyen an ak libète ak sekirite alye li yo.

Deklarasyon sa a di :" tou 2 lidè yo dakò pou yo dirije ekip sekirite nasyonal yo pou kontinye kowòdinasyon sere."

Nan Kore di Sid, Prezidan Lee anile tout pwogram li te genyen sou kalandriye li. Lidè Kore di Sid la mande yon reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonal la e li plase lame Kore di Sid ann eta dalèt ijan avèk ogmantasyon siveyans sou tout fwontyè Nò Koreyen an. 2 Kore yo rete teknikman nan lagè depi 3 zan konfli yo te genyen antre yo e ki te fini sèlman avèk yon armistis nan lane 1953.

Nan Tokyo, premye minis Japonè a Yoshihiko Noda fè yon rankont avèk gwo konseye yo pou fòmile yon repons pou lanmò lidè Nò Koreyen an.

Ajans ofisyèl Chinwa, Chin Nouvèl rapòte nan Peken lanmò Kim Jong il la twouble otorite yo ; e yo ofri kondeleyans yo bay pèp Kore di Nò a. La Chin konsidere Kore di Nò kòm e alye e patnè komèsyal ki pi prè li.

XS
SM
MD
LG