Isit Washington, sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, te rankontre ak tokay japonè li a, kote li eksprime enkyetid pou byenèt pèp Kore di Nò a.
Li pale pou l di : "Nou tou lè 2 pataje yon enterè komen nan yon tranzisyon ki stab e pasifik nan Kore di Nò, kote va genyen lapè ak estabilite nan rejyon an. Nou pran kontak jodi a ak patnè nou yo ki fè pati negosyasyon 6 nasyon yo."
Lèzetazini, Japon, ansanm ak Lachinn, Larisi e Kore di Sid ap fè negosyasyon avèk Pyongyang pou fè l demantibile pwogram nikleyè li a, de retou, kominote entènasyonal la t ap bali tout asistans imanitè li ta bezwen.
Ane pase, Kim Jong il te elve pitit gason li a Kim Jong Un nan grad jeneral nan yon demach mount e konsidere kòm yon tantativ pou remèt dinasti kominis mondyal la bay yon twazyèm jenerasyon.