Nan Kore di Nò, antèman lidè peyi a, Kim Jong il, dewoule mèkredi 28 desanm 2011 la an prezans plizyè dizèn milye moun ki te brave nèj ki t ap tonbe pou yo te asiste yon seremoni ki fèt avèk objektif pou kore eritaj Misye Kim nan, ak transfè pouvwa a ki ale jwenn pitit-gason li, Kim Jong Un.
Nan tèt pwosesyon an, ki travèse plizyè ri kapital la, Pyongyang, moun te ka wè yon limouzin ki te genyen sou li yon gwo foto defen lidè a. Touswit apre, yon 2èm machin te defile ak yon gwo kokenn jèb flè avèk siyati siksesè Kim Jong il la, an palan de pitit gason an, Kim Jong Un.
Nan yon lòt machin ki te nan kòtèj finèb la, yon espikè radyo te pale ak foul la pou l poze kesyon sa a :
“Nan 5 mil ane listwa peyi nou an, eske gen yon moun ki ka di ki lè, ki moman nou te genyen pou n soufri yon pèn ki osi pwofon ke pèn nou santi jounen jodiya?”
Ryoo Kil-Jae se dwayen Lekòl Wot Etid Nò-Koreyen nan Sewoul, kapital Kore di Sid. Li pale pou l di fason otorite yo nan Pyongyang te chwazi ofisyèl ki te gen pou akonpayi Kim Jong Un nan seremoni an, se yon siyal klè ki montre kijan tranzisyon pouvwa a ap fèt nan Kore dii Nò.
Misye Kil-Jae di :
"Pi fò nan ofisyèl sa yo sete pwòch kolaboratè ak konseye Kim Jong il. Sa montre se menm penpenp la ki pral kontinye; kidonk, se menm fanmi Kim nan k ap kontinye dirije peyi a; pouvwa a sòti nan men papa, li pase nan men pitit ; se manm menm pati politik la ki pral kontinye dirije rejjim nan."
Gouvènman etranje yo ap swiv evolisyon sitiyasyon an nan Kore di Nò avèk anpil atansyon e menm gwo preokipasyon, nan moman yon jenn Kim Jong Un monte sou pouvwa a nan yon peyi ki posede zam nikleyè, ki genyen yon lame ak yon gwo kokenn efektif, epi yon istwa ki montre se detanzantan l ap chache pwoblèm ak peyi vwazen li yo. Medya Leta yo nan Kore di Nò pa pèdi tan pou yo prezante Kim Jong Un kom yon « gran siksesè », « kòmandan siprèm lame a » epi « prezidan » pati ki sou pouvwa a, an palan de Pati Travayè Nò Koreyen an.