Accessibility links

Breaking News

Lavrov: La Risi ap Fè Fas ak yon "Gè Total" bò Kote L'Oksidan


Foto Achiv: Minis Afè Etranje Ris la Sergey Lavrov.
Foto Achiv: Minis Afè Etranje Ris la Sergey Lavrov.

Minis Afè Etranje Ris la Sergey Lavrov deklare La Risi ap fè fas ak yon gè total bò kote l'Oksidan.

Lavrov deklare pandan yon rankont Vandredi ke "yo deklare yon veritab gè ibrid kont nou." Li deklare objektif la se "detwi, kraze, avili, trangle ekonomi Ris la ak peyi La Risi an jeneral."

Pandan premye mwa sa La Risi dekri tankou yon "operasyon militè spesyal" nan Ikrèn, l'Oksidan enpoze mezi sevè ki vize ekonomi Ris la, sistè finansye a epitou Prezidan Vladimir Putin ak oligak Ris yo.

Malgre sa, Lavrov di La Risi pa izole.

"Nou gen anpil zanmi, alye, patnè nan mond lan, yon pakèt asosyasyon. La Risi ap travay ak peyi sou tout kontinan e nou pral kontinye fè sa," Lavrov deklare. Li ajoute pi fò peyi yo pap pote kole ak sanksyon l'Oksidan pran kont La Risi.

XS
SM
MD
LG