Accessibility links

Breaking News

Larisi Bloke Ajans Nouvel "News.Google"


TECH-ANTITRUST/GOOGLE-LAWSUITS
TECH-ANTITRUST/GOOGLE-LAWSUITS

Roskomnadzor ki se Regilatè medya nan peyi Larisi deside limite aksè ak sèvis News.Google ki se ajans nouvel Google sou entènèt, yo akize Google deske l ap bay aksè a "fo" enfòmasyon sou operasyon miliè Larisi a nan Ikrèn.

Dapre yon nòt pou laprès ki soti nan Roskomnadzor, se Biwo Pwokirè Jeneral Ris la ki te pran desizyon sila.

Deklarasyon an di ke sèvis nouvèl sou entènèt sa a "bay aksè a anpil piblikasyon ak materyèl ki gen fo enfòmasyon (...) sou operasyon militè espesyal la sou teritwa Ikrenyen".

AFP te kontakte Google e yo konfime "ke kèk moun nan peyi Larisi gen difikilte pou jwenn aksè Google News nan aplikasyon mobil yo, ni sou sit entènèt li yo, nan Larisi."

"Nou te travay anpil pou nou te kenbe sèvis nouvèl yo aksesib a moun ki ap viv nan peyi Larisi ".

Depi kòmansman entèvansyon fòs militè Ris yo nan Ikrèn nan dat 24 fevriye, gouvènman Ris la te ranfòse konsiderableman kontwòl sou enfòmasyon ki gaye sou entènèt la.

Anpil medya Ris ak etranje, ki gen ladan BBC pèdi aksè yo te genyen nan Moskou, gen rezo sosyal Ameriken yo tou tankou Facebook ak Instagram ki pèdi aksè.

Twitter li menm gen kèk nan fonksyon li yo ki limite.

XS
SM
MD
LG