Accessibility links

Breaking News

Yon Tinedjè Ikrenyen ki Vedèt sou TikTok pran Avyon pou Resevwa Swen ann Almay


Vwazen eseye etenn dife ki pete nan yon kay apre yon atak La Risi lanse kont vil Kharkiv, Ikren, Jedi 24 Mas 2022.
Vwazen eseye etenn dife ki pete nan yon kay apre yon atak La Risi lanse kont vil Kharkiv, Ikren, Jedi 24 Mas 2022.

Yon tinedjè Ikrenyen ki te blese nan yon atak ak obi e ki te vinn gen renome apre li te di Prezidan Volodymyr Zelenskyy pandan yon vizit li te fè nan yon lopital nan Kyèv ke li se yon vedèt TikTok, pran avyon pou'l al Almay pou resevwa tretman.

Lopital Charite Berlen an konfime Jedi swa ke tinedjè Katya Vlasenko entène lopital. Lopital la pa bay okenn lot detay.

Vlasenko ak fanmi li te sibi atak pi bonè mwa sa a e dapre nouvèl yo, li te pwoteje ti frè li ak ko li pandan yo tap eseye chape.

Lè Zelenskyy te vizite Vlasenko lopital semèn pase a, li te pote yon gwo bouke flè ba li epi di'l "se pa yon bagay ki fasil pou nou ditou. Men nap fè tout sa ki bon."

Demwazèl la te pran kriye pandan vizit la, e li te reponn ke "tout moun sou TikTok apiye nou."

XS
SM
MD
LG