Accessibility links

Breaking News

Biden Anonse Nouvo Sanksyon Kont La Risi


Prezidan Joe Biden pale pandan yon konferans pou lapres nan kad rankont o some Inyon Ewop la kote yap diskite sou envazyon La Risi fe nan Ikren, depi Brussels, Beljik, 20 Mas 2022.
Prezidan Joe Biden pale pandan yon konferans pou lapres nan kad rankont o some Inyon Ewop la kote yap diskite sou envazyon La Risi fe nan Ikren, depi Brussels, Beljik, 20 Mas 2022.

Administrasyon Biden nan anonse yon nouvo seri sanksyon kont La Risi Jedi. Anons la fèt nan moman Prezidan Joe Biden ap patisipe nan yon rankont o somè LOTAN ak G-7 la nan vil Brussels pou diskite sou lagè nan Ikrèn.

Nouvo sanksyon yo sible 328 palmantè Ris ak anpil konpayi leta.

"Objektif nou se wetire yon fason metodik benefis ak privilèj Ris yo te konn jwi antanke patisipan nan lod entènasyonal ekonomik la," yon responsab wo plase administrasyon an di ajans nouvèl Reuters.

Pi presizeman, sanksyon yo sible 17 manm yon konpayi finansye Ris enpòtan, Sovcombank ak 48 konpayi defans ki swadizan ap pwodwi ekipman pou operasyon La Risi ap mennen nan Ikrèn yo.

Sanksyon yo sible tou Herman Gref, direktè Sberbank ak Gennady Timchenko yon boujwa ki bon zanmi ak Prezidan Ris Vladimir Putin.

"Toutotan Prezidan Putin kontinye ak lagè sa a, Etazini ak alye yo epi patnè nou yo pran angajman pou asire gouvènman Ris la santi gwo konsekans aksyon aktyèl nou yo ak mezi ekonomik nou ka pran nan lavni," Lamezonblanch fè konnen nan yon deklarasyon li pibliye.

Kek nan enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters

XS
SM
MD
LG