Accessibility links

Breaking News

LaRisi ap Aksepte Peman Sèlman an Roub Pou Livrezon Gaz

In this file photo, Russian President Vladimir Putin chairs a meeting with members of the government via teleconference in Moscow, Thursday, March 10, 2022. (Mikhail Klimentyev, Sputnik, Kremlin Pool Photo via AP, File)

Prezidan Vladimir Putin di mèkredi LaRisi ap aksepte peman sèlman an roub pou livrezon gaz natirèl nan "peyi ki pa zanmi li", pami yo tout manm yo nan Inyon Ewòp la, apre Moskou te resevwa sanksyon ke li pa te janm konnen anvan, akoz envazyon Ikrèn.

Touswit apre anons la, woub la, ki te plonje desann depi konfli a te tanmen nan Ikrèn nan, vin pran fòs devan dola a ak ewo a, pandan pri gaz natirèl yo moute.

Sepandan, Putin anonse ke LaRisi ap kontinye founi mezi gaz ki fikse nan kontra ke li te siyen.

Putin òdone bank santral-la pou li aplike nouvo sistèm peman an nan yon semèn pou pita, kote li fè konnen chanjman an dwe fèt nan transparans, pou li parèt klè devan tout moun, e ke pwal gen acha woub sou mache LaRisi a. Li di chanjman sa a ka reflete tou nan ekspòtasyon LaRisi yo.

XS
SM
MD
LG