Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ikrenyen an Mande Biden, LOTAN Plis Asistans


Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy pale nan vil Kyev, Ikren, bone Jedi 24 Mas 2022.
Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy pale nan vil Kyev, Ikren, bone Jedi 24 Mas 2022.

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy lanse apèl bay moun toupatou nan mond lan pou yo rasanble an piblik pou montre sipò yo pou peyi li, ki anba syèj. Prezidan an ap pare pou'l pwononse yon diskou devan Prezidan Etazini Joe Biden ak lòt lidè LOTAN ki rasanble nan vil Brussels pandan yap make yon mwa depi lagè a komanse.

Zelenskyy ki kaptive mond lan ak mesaj li bay sou videyo-konferans deklare li pral mande alyans la bay Ikrèn sipò ki "efikas e san restriksyon" - ladann zam peyi a bezwen pou defann tèt li kont atak Ris yo.

LOTAN estime gen ant 7,000 ak 15,000 solda Ris ki mouri nan Ikrèn, kote rezistans fewòs la anpeche Moskou rache viktwa lap chache a.

XS
SM
MD
LG