Accessibility links

Breaking News

Renault Anonse Lap Sispann Aktivite l nan La Risi


Logo Renault Gwoup la.
Logo Renault Gwoup la.

Otomobilye franse Renault anonse Mèkredi ke lap "sispann aktivite nan faktori Renault Moskou a" imedyatman.

Mezi a vini kèk hè d tan apre Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy te pale pa videyo-konferans ak palman franse a, kote li lanse apèl bay Renault ak lot konpayi franse ki gen yon prezans nan La Risi pou yo sispann apiye endirèkeman lagè kont Ikrèn nan.

Komite direktè Gwoup Renault a rankontre Mèkredi kote yo deside sispann pwodiksyon nan santral ki pwodwi Arkana, Kaptur, Duster ak pajeyo Nissan Terrano yo nan moman anpil kritik tonbe sou do'l akoz komès lap fè ak Federasyon Ris la.

Sepandan pi fo prezans gwoup la nan La Risi fèt atravè AvtoVAZ ki se yon adjwen ki vann yon afè de 500,000 machinn nan La Risi an 2021.

Renault di AvtoVAZ pap rale ko li soti tou swit, men ke lap "reflechi sou opsyon ki disponib nan sikonstans aktyèl yo, pandan lap eseye aji yon fason responsab vizavi 45,000 anplwaye li genyen nan La Risi.

XS
SM
MD
LG