Accessibility links

Breaking News

Ikrèn di Moskou ap Bwote Sivil Ale Nan La Risi


Refije kap kouri pou lage nan Ikren kanpe anba yon tant nan yon pos frontye nan Isaccea-Orlivka nan Woumani, 24 Mas 2022.
Refije kap kouri pou lage nan Ikren kanpe anba yon tant nan yon pos frontye nan Isaccea-Orlivka nan Woumani, 24 Mas 2022.

Ikrèn akise La Risi dèske lap fòse dè santèn milye sitwayen al viv nan La Risi. Moun sa yo se sitwayen ki abite nan vil Ikrenyèn ki devaste nan lagè a. Ikrèn di La Risi vle sèvi ak moun yo kom "otaj" pou mete presyon sou Kyèv pou'l bay le gen.

Yon responsab Ikrenyen deklare Jedi 402,000 moun, pami yo 84,000 timoun nan gwoup moun yo mennen La Risi, kote yap fè fas ak mank dlo ak manje.

La Risi di moun li evakye yo se sitwayen ki al nan La Risi de pwòp volonte yo.

Pandansetan, fòs naval Ikrenyèn nan di li koule yon gwo bato Ris ki te akoste nan pò Berdyansk la ke La Risi tap sèvi pou apwovizyone twoup li ak machin blende.

La Risi deklare li pran kontwòl vil Izyum nan ès la apre yon batay fewòs.

XS
SM
MD
LG