Accessibility links

Breaking News

Biden Sèmante LOTAN pral Pase a L'Aksyon si La Risi Sèvi ak Zam Chimik


Prezidan Joe biden pale pandan yon konferans pou lapres apre rankont o some LOTAN ak G7 la nan katye jeneral LOTAN nan Brussels, Beljik, 24 Me 2022.
Prezidan Joe biden pale pandan yon konferans pou lapres apre rankont o some LOTAN ak G7 la nan katye jeneral LOTAN nan Brussels, Beljik, 24 Me 2022.

L'Oksidan pral reponn militèman si La Risi sèvi ak zam chimik ann Ikrèn, Prezidan Joe Biden deklare Jedi.

"Sa ta deklanche yon repons kif-kif" Biden reponn lè yon jounalis poze'l kestyon sou sa pandan yon konferans pou laprès. "Kèlkeswa si wap mande ou pa si LOTAN ta travèse (antre Ikrèn pou konfwonte fòs Ris yo), nou ta pran desizyon sa a lè moman an rive."

Prezidan Biden di tou nan katye jeneral Trete Atlantik Nò a ke yo ta dwe wetire La Risi nan Gwoup dè 20 prensipal ekonomi yo e ke yo ta dwe kite Ikrèn asiste rankont G-20 yo.

Biden konfime li te soulve kestyon an pandan rankont li ak lòt lidè mondyal yo Jedi pandan yo tap make yon mwa lagè La Risi nan Ikrèn.

Lè jounalis yo mande si Ikrèn ta dwe sede teritwa bay La Risi pou jwenn yon seselfe, Biden te reponn "Mwen pa kwè yap oblije fè sa," men se Kyèv ki pou ta pran desizyon sa a.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch Anita Powell ekri vesyon orijinal repotaj sa a

XS
SM
MD
LG