Accessibility links

Breaking News

Etazini, Inyon Ewopeyen Anonse yon Nouvo Patenarya pou Kontrekare Enèji Ris


Prezidan Joe Biden ak Prezidan Komisyon Euwopeyen an Ursula von der Leyen pale ak lapres sou envazyon La Risi ann Ikren Vandredi 25 Mas, 2022.
Prezidan Joe Biden ak Prezidan Komisyon Euwopeyen an Ursula von der Leyen pale ak lapres sou envazyon La Risi ann Ikren Vandredi 25 Mas, 2022.

Lèzetazini ak Inyon Ewopeyen an anonse yon nouvo patenarya pou redwi depandans kontinan an sou enèji Ris.

Lamezonblanch dekri li tankou komansman yon jefò ki pral dire plizyè zane pou izole La Risi apre envazyon li fè nan Ikrèn nan.

Prezidan Joe Biden te pare pou'l diskite sou kestyon an Vandredi ak Ursula von der Leyen, direktris branch egzekitif Inyon Ewopeyen an.

Biden sipoze pran avyon pou'l al Polòy, ki se dènye etap vizit 4 jou lap fè ann Ewòp la.

Biden ankouraje alye yo pou yo rete inifye epi kontinye apiye ak defann Ikrèn.

Nan Polòy, prezidan an pral rankontre twoup Ameriken yo epi yo pral ranseye'l sou repons Ameriken ak kriz refije Ikrenyen yo, ki ap rive sou frontyè Polòy pa bann e pa pakèt.

XS
SM
MD
LG