Accessibility links

Breaking News

Larisi Desann Dwon Ikrenyen nan Krime


Yon travaye netwaye yon espas pandan ke Tikhon Pavlov, 11 zan, mache devan Kolej Teknoloji ak Desen Kramatorsk la kote li te konn pran kou karate, Samdi 19 Out, 2022.
Yon travaye netwaye yon espas pandan ke Tikhon Pavlov, 11 zan, mache devan Kolej Teknoloji ak Desen Kramatorsk la kote li te konn pran kou karate, Samdi 19 Out, 2022.

Otorite Ris yo rapòte yo desann dwon Ikrenyen nan Krime, pandan responsab Ikrenyen yo di fòs Ris yo ap pouse pou pi devan ak jefò yo pou sezi youn pami kek vil nan ès Ikrèn ke yo poko kontwole.

Lame Ris la kontinye ap atake tou, rejyon nò ak sid Ikrèn.

Nan Krime, ke Larisi te anekse an 2014, otorite yo di defans ayeryen lokal yo tire kont e desann yon dwon ki tap vole sou tèt Flòt Lanmè Nwa Ris la.

Se dezyèm ensidan ak dwon ki dewoule nan katye jeneral la pandan 3 semèn ki pase yo.

Yon responsab Ris di "atak ak ti dwon yo" te deklanche tou sistèm defans ayeryen yo nan wès Krime.

Lame Ikrenyen an fè konnen li dewi yon sistem rada ki gen anpil enpòtans pou Larisi nan rejyon sid Zaporizhzhia a.

XS
SM
MD
LG