Accessibility links

Breaking News

Etazini Ap Bay Repiblik Tchekoslovaki 8 Elikoptè


FILE - A U.S. Navy Seahawk helicopter flies over a stateless dhow later found to be carrying a hidden arms shipment in the Arabian Sea, May 6, 2021.
FILE - A U.S. Navy Seahawk helicopter flies over a stateless dhow later found to be carrying a hidden arms shipment in the Arabian Sea, May 6, 2021.

Etazini anonseVandredi ke li pral bay Repiblik Tchekoslovaki 8 elikoptè konba, Repiblik Tchekoslovaki se yon manm Òganizasyon Trete Nò Atlantik (OTAN).

Repiblik Tchekoslovaki se yon gwo founisè ekipman militè pou Ikrèn depi 24 fevriye depi lè Ris yo te anvayi Kyèv.

Anbasad Ameriken nan Prag deklare ke 6 elikoptè konba AH-1Z ak 2 elikoptè multiròl UH-1Y yo voye bay Repiblik Tchekoslovaki se nan kad yon pwogram ki rele "Excess Defense ".

"Repiblik Tchekoslovaki pral sèlman peye pou transpò ekipman an," se sa Anbasad Ameriken an te di sou Twitter.

Nan 2019, Prague te anonse ke li achte 8 UH-1Y ak kat elikoptè AH-1Z ki te fèt pa Bell Corporation ki baze nan eta Texas pou ranplase Mi-35/24 ke Ris te fabrike.

Repiblik Tchekoslovaki te separe ak Slovaki an 1993 e li te rantre nan Òganizasyon Trete Nò Atlantik an 1999.

Depi lè sa a, li te modènize ekipman militè ke li te genyen nan epòk Inyon Sovyetik la pou pote li jiska estanda Òganizasyon Trete Nò Atlantik la.

XS
SM
MD
LG