Accessibility links

Breaking News

Bombadman Ris nan Kharkiv


UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-MISSILES-CHIPS
UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-MISSILES-CHIPS

Otorite lokal yo anonse ke yon bonbadman Larisi te fè sou Kharkiv, dezyèm vil Ikrèn, atak sa te koze lanmò omwen 6 moun e 16 lòt blese. Prezidan Vladimir Zelensky denonse "atak sa li di sa se yon atak meprize ak sinik".

"Gen yon gwo dife nan yon bilding apatman," dapre sa majistra vil sa a, Igor Terekhov te di. Vladimir Zelensky te pale de yon bilding apatman "totalman detwi" pa grèv la.

Kharkiv sitiye apeprè 40 kilomèt de fwontyè Ris la nan nòdès Ikrèn, e li te regilyèman frape ak atak lame Ris la depi kòmansman envazyon an te kòmanse 24 fevriye, men twoup ki soti Moskou pa janm reyisi pran vil la.

XS
SM
MD
LG