Accessibility links

Breaking News

Putin: "Etazini Ap Chèche Destabilize Lemond "


UKRAINE-CRISIS/PUTIN
UKRAINE-CRISIS/PUTIN

Prezidan Ris la, Vladimir Putin, akize Etazini deske toujou gen yon konfli nan Ikrèn, dapre chef leta a Etazini se koz ki fe konfli a ap trennen nan Ikrèn. Konfli sa te kòmanse ak yon operasyon militè spesyal Moskou te lanse prèske 6 mwa de sa.

An menm tan an, yon bato imanitè ki tap transpòte sereyal pou ale an Afrik te kite Ikrèn Madi: yon premye pa depi akò a te siyen an Jiyè pa Kyiv ak Moskou, kòm medyatè Latiki te pwopoze tèt nan akò pou te ede espòte sereyal Ikrenyen yo k bloke akòz konfli a.

Lagè a, ki te kòmanse 24 fevriye, te lakòz sanksyon peyi Lwès kont Larisi ak anpil èd istorik finansye ak militè pou Ikrèn, sa ki mete gwo tansyon san parèy, patikilyèman ant Washington ak Moskou.

An jeneral, Vladimir Putin te kritike Lèzetazini paske li t ap chèche "destabilize" lemonn, li te site tou dènye vizit Prezidan Chanm depite Ameriken an, Nancy Pelosi, nan Taiwan.

"Sitiyasyon an nan Ikrèn montre ke Etazini ap eseye trennen konfli a. Epi li ap fè menm jan an nan kiltive posiblite pou yon konfli nan pwovens Lazi, Afrik, nan peyiAmerik Latin nan," Putin te di nan yon deklarasyon. Konferans Sekirite Entènasyonal nan Moskou.

XS
SM
MD
LG