Accessibility links

Breaking News

Avoka Brittney Griner Ale Ann Apèl Kont Kondanasyon 9 an Prizon li an


UKRAINE-CRISIS/USA-GRINER-TRIAL
UKRAINE-CRISIS/USA-GRINER-TRIAL

Nan peyi Larisi , medya –yo fè konnen avoka vedèt baskètbòl pwofesyonèl amerikèn Brittney Griner ale ann apèl kont kondanasyon 9 an prizon ki tonbe sou dol pou posesyon e trafik dwòg.

Griner, manm ekip baskèt ameriken Phoenix Mercury, te resevwa 2 fwa meday dò jeu zolempik ak seleksyon nasyonal amerikèn nan . Li te jwenn arestasyon l an fevriye nan ayewopò Shere-metyevo nan vil Moscou apre yo te dekouvri plizyè bokal ki te genyen luil kanabis nan valiz la . Vedèt la te admèt li te geyen susbstan-la , men li pat genyen entansyon vyole lalwa.

Griner ki genyen 31 nan, tap jwe pou yon ekip femininn baskètbòl Ekate-rinbourg pandan « inter-sezon » WNBA, e yon tribinal rus te jwenn ni koupab nan dat 4 out pase a

Avokat Maria Blagovolina fè konnen li depoze yon apèl byenke pa presuizyon sou motif appel la . Poko gen dat ki konu pou appel la.

Genyen nouvèl ki fè kwè Griner te ka jwenn liberasyon ansanm ak Paul Whelan, yon ansyen merin ameriken nan yon boukantay prizonye ak Viktor Bout, yon machannn zam rus ki nan prizon Ozetazini .

Nan fen mwa jiyè, sekretè Drta –a Antony Blinken te gen yon konvèsasyon telefonik ak tokay rus-li Sergueï Lavrov sou dosye –a . Nap suiv …

XS
SM
MD
LG