Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Pibliye Foto Pitit Fi Kim Jong Un nan Lye Lansman Misil la


Lide Kore di No Kim Jong Un ak madanm ni Ri Sol Ju, pitit fi yo ak yon milite, jounen lansman misil balistik entekontinantal la (ICBM) 19 Nov. 2022 nan Koreo di No)
Lide Kore di No Kim Jong Un ak madanm ni Ri Sol Ju, pitit fi yo ak yon milite, jounen lansman misil balistik entekontinantal la (ICBM) 19 Nov. 2022 nan Koreo di No)

Kore di Nò pibliye foto pitit fi lidè peyi a, Kim Jong Un, kote yo kanpe nan lye kote lansman misil yo ap fèt la.

Foto sa yo atire anpil atansyon sou fanmi an, ki fè pati yon dinasti kap dirije Kore di Nò depi plis pase 70 lane.

Medya leta Kore di Nò deklare Samdi Kim te obsève lansman nouvo tip misil balistik entè-kontinantal yo ak madanm ni Ri Sol Ju epi "pitit fi cheri yo a."

Dapre nouvèl yo, Kim gen 3 pitit.

Kiyès pitit Kim yo ye se yon sous gwo enterè pou moun ki pa viv Kore di Nò, paske dirijan an, ki gen 38 an poko anonse piblikman kiyès ki pwal eritye pouvwa a.

XS
SM
MD
LG