Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Tire yon Lòt Misil Balistik


FILE PHOTO: North Korea's leader Kim Jong Un visits the Central Officers School in Pyongyang
FILE PHOTO: North Korea's leader Kim Jong Un visits the Central Officers School in Pyongyang

Kore di Nò tire yon misil balistik jodi mèkredi a, dapre sa Kore di Sid rapòte, sa ki ajoute sou tout lansman ke Pyongyang fè deja yo ki moute tansyon militè nan Nòdès Azi a.

Pyongyang lanse yon misil ki pa tire lwen, etan nan zòn Sukchon, o nò kapital la, dapre jeneral an chef lame Kore di Sid la.

Gad kot peyi Japon di misil la sanble te nan lè a pandan mwens ke 5 minit anvan li te ateri nan lanmè sou kot Ès Kore yo.

Semèn pase a, Kòre di Nò te tire 34 misil balistik, antwòt kèk ki te deklannche sirèn alèt ak lòd pou moun lage kò yo nan abri sekou nan Kore di Sid ak Japon.

XS
SM
MD
LG