Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Demanti Li Vann Larisi Obi


Foto Achiv: Prezidan Ris Vladimir Putin (a dwat) ak lide Kore di No Kim Jong Un nan Vladivostok, Larisi, 25 Avril 2019.
Foto Achiv: Prezidan Ris Vladimir Putin (a dwat) ak lide Kore di No Kim Jong Un nan Vladivostok, Larisi, 25 Avril 2019.

Kore di Nò demanti deklarasyon Etazini fè pou di li voye obi ak minisyon bay Larisi pou sèvi nan lagè kont Ikrèn nan. Madi Pyongyang akize Etazini dèske lap bay manti.

Demanti an vini apre plizye douzèn esè nikleyè Kore di Nò fè - pami yo misil ki gen kapasite pou frape teritwa Etazini. Li di li tap teste misil yo ak atiyri a pou li ka atake "san pitye" sib Sid Koreyen ak Ameriken si li deside fè sa.

Responsab Ameriken yo te konfime sa pa gen lontan, ke rapò ransèyman yo genyen montre ke Larisi ap achte plizyè milyon obi ak atiyri nan men Kore di Nò.

XS
SM
MD
LG