Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Lanse 2 Lòt Misil


Yon solda lame Kore di Sid veye Kore di No depi pos obsevasyon Inifikasyon an nan Paju, Kore di Sid, tou pre fwonye Kore di No, 24 Mas, 2023.
Yon solda lame Kore di Sid veye Kore di No depi pos obsevasyon Inifikasyon an nan Paju, Kore di Sid, tou pre fwonye Kore di No, 24 Mas, 2023.

Yon pòt avyon nikleyè Ameriken ak yon gwoup bato fòs naval Etazini tanmen egzèsis militè ak bato lagè Kore di Sid kek hè d tan apre Kore di Nò fè 2 lòt esè misil balistik kout pòte Lendi pou pwoteste kont egzèsis militè konjwen yo.

Se 7èm esè misil Nò a fè mwa sa a, e sa mete aksan sou jan tansyon yo ogmante nan rejyon an nan moman Nò a ap teste zam li epi Etazini ak Kore di Sid ap entansifye egzèsis militè yap fè ansanm.

Lansman yo te kowòdone pou dewoule nan menm moman kote bato lagè Ameriken USS Nimitz la ak gwoup bato lagè ki mache ansanm avè l yo - pami yo yon bato ki gen kapasite pou lanse misil kwazyè - tap fe manèv tou pre zile ki rele Jeju a.

Chèf Kabinè Japon an di Kore di Nò taka ogmante aktivite li yo pi plis epi lanse plis misil oubyen menm fè premye esè nikleyè li janm fè depi mwad Septanm 2017.

XS
SM
MD
LG