Accessibility links

Breaking News

Kore Di Nò Teste yon Nouvo Dronn pou Atak Nikleyè Anba Dlo


북한은 지난 21일부터 23일까지 김정은 국무위원장이 참관한 가운데 핵무인수중공격정 '해일'의 수중 폭발시험을 진행했다며, 24일 사진을 공개했다.
북한은 지난 21일부터 23일까지 김정은 국무위원장이 참관한 가운데 핵무인수중공격정 '해일'의 수중 폭발시험을 진행했다며, 24일 사진을 공개했다.

Kore di Nò teste yon nouvo dronn pou atak nikleyè anba dlo ki fèt pou kreye yon “tsunami radioaktif” sou kot peyi lènmi yo, se sa media leta fè konnen vandredi. Lame a devwale yon zam ki sanble gen kèk pwen komen ak sipè-tòpedo ris Poseidon.

Kore di Nò te teste anvan sa yon dronn li ke moun pa konnen, ki rele « Haeil » pandan 3 jou ekzèsis militè anba direksyon lidè peyi a Kim Jong Un, dapre Ajans Nouvèl Santral Koreyen an ki gen abreje ann angle KCNA, ke leta dirije.

Misyon dronn nan se pou enfiltre nan dlo kote gen operasyon ki ap dewoule, e lanse yon kokenn tsunami radio aktif anba dlo pou detwi gwoup lamarin ki ap lanse frap, e dronn nan ka detwi pò enpòtan lènmi an ki ap fonksyone, dapre KCNA.

Depi 2019, Kore di Nò devwale plizyè fwa nouvo sistèm zam, e anpil nan yo, dapre sa li di, ka tire zam nikleyè. Li pa klè si li reyisi bati tèt nikleyè ki piti ase pou moute sou misil.

Pyongyang di dènye tès li yo se yon repons pou ekzèsis militè Etazini-Kore di Sid yo ki ogmante kòm repons pou gwo kantite lansman misil ak lòt menas Kore di Nò, bagay li pa te janm fè anvan.

XS
SM
MD
LG