Accessibility links

Breaking News

Kèk Ekspè nan Loksidan ap Analize Dènye Tès Misil Balistik Kore di Nò Sot Fè yo


북한은 16일 김정은 국무위원장이 참관한 가운데 대륙간탄도미사일(ICBM) ‘화성-17형’ 발사 훈련을 실시했다며, 다음날 사진을 공개했다.
북한은 16일 김정은 국무위원장이 참관한 가운데 대륙간탄도미사일(ICBM) ‘화성-17형’ 발사 훈련을 실시했다며, 다음날 사진을 공개했다.

Kèk ekspè nan loksidan ap analize dènye tès misil balistik entèkontinantal, ki gen ti non ann angle ICBM, ke Kore di Nò sot fè yo e yo ap gade si Pyongyang pwal apre sa tire nan Oseyan Pasifik la misil ki vole sou yon pakou plat, kote li ta plis sanble ak yon atak reyèl sou Etazini.

Yon tès konsa ta fèt nan entansyon pou demontre kapasite Kore di Nò pou li touche Etazini kontinantal la ak yon zam nikleyè e pou chache konnen si administrasyon Biden nan ta chache bare li, se sa kèk ekspè di sèvis koreyen LaVwadlamerik la.

Kore di Nò te di li lanse yon ICBM Hwasong-17, 16 Mas pase pou « voye yon avètisman pi djanm » bay Etazini ak Kore di Sid, e li di 2 nasyon sa yo t ap eskalade tansyon ant 2 Kore yo nan fè gwo ekzèsis militè. Alye-yo te rive sou 11èm jounen ekzèsis ke yo rele Freedom Shield, Pwoteksyon pou Libète, ke Pyongyang wè kòm yon repetisyon pou anvayi peyi li.

Hwasong-17 la te vole nan yon wotè ki depase 6-mil kilomèt e sou distans apeprè mil kilomèt anvan li te desann nan dlo sou kot Ès Kore di Nò, dapre media leta.

XS
SM
MD
LG